Accessibility links

Breaking News

Pelosi Remèsye Polòy pou Apwi li Bay Ikrèn


Nan foto sa a ke Biwo Prezidan Poloy la pibliye, Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi, a goch, bay lanmen ak Prezidan Polone a Andrzej Duda nan Vasovi, Poloy, Lendi 2 Me, 2022.
Nan foto sa a ke Biwo Prezidan Poloy la pibliye, Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi, a goch, bay lanmen ak Prezidan Polone a Andrzej Duda nan Vasovi, Poloy, Lendi 2 Me, 2022.

Yon delegasyon wo plase Kongrè Ameriken an, ki gen a la tèt li Lidè La Chanm dè Reprezantan Nancy Pelosi, vizite Vasovi pou eksprime gratitid Lèzetazini vizavi Poloy pou sipò imanitè ak lòt asistans yap bay Ikrèn.

Pelosi ak 6 palmantè te rankontre Prezidan Polonè a Andrzej Duda ak palmantè Polonè yo nan Vasovi Lendi.

Vizit sa a fèt apre yon eskal nan Kyèv, kote yo te rankontre Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy Dimanch epi pwomèt peyi li sipò jiskaske li ranpòte la viktwa sou La Risi.

Pelosi deklare Duda se yon "patnè nou apresye anpil pou sipò li bay Ikrèn fas ak lagè brital san pwovokasyon Putin ap mennen kont peyi a."

XS
SM
MD
LG