Accessibility links

Breaking News

8 Sivil Mouri Nan Kharkiv


Gouvènè rejyonal yo te anonse ke 8 sivil te mouri Dimanch nan yon atak ak bonm nan rejyon Kharkiv ak Donetsk. Pami yo gen 4 ki mouri nan vil Lyman ki anba menas dirèk avansman Ris la.

Gouvènè rejyon Donetsk Pavlo Kyrylenko te di sou Telegram, e li ajoute ke 7 sivil te blese nan vil sa a kote lame Ukrenyen a dènyèman te oblije pliye.

Yon ansyen ofisyèl militè Ukenyen souliyen ke "sitiyasyon difisil la" nan ès peyi a, patikilyèman nan rejyon Izium ak Sieverodonetsk, "kote lènmi konsantre pi fò nan efò li yo ak twoup li yo ki pi pare pou batay".

XS
SM
MD
LG