Accessibility links

Breaking News

Yon Jounalis Radyo Ewòp Lib/Radyo Libète Mouri Anba Kout Zam Larisi


An image of RFE/RL journalist Vira Hyrych froom her Facebook page. Hyrych was killed in a Russian air strike hit the residential building where she lived in the Ukrainian capital, Kyiv.
An image of RFE/RL journalist Vira Hyrych froom her Facebook page. Hyrych was killed in a Russian air strike hit the residential building where she lived in the Ukrainian capital, Kyiv.

Jounalis Vira Hyrych, ki t ap travay pou Radyo Ewòp Lib ak Radyo Libète, pèdi lavi li nan vil Kyèv apre yon atak ayeryen Larisi te lanse t al frape konpleks rezidans kote l t ap viv la nan kapital Ikrèn nan. Sèvis ikrenyen Radyo Ewòp Lib/Radyo Libète fè konnen yo jwenn kadav jounalis la byen bonè nan jounen vandredi 29 avril la nan mitan debri building nan, ke yon misil ris te frape pandan nannuit la.

Sekretè Jeneral l’ONU an, Antonio Guterres, t ap vizite Kyèv jedi 28 avril la nan moman kèk frap te tonbe sou kapital la --konplèsk rezidans jounalis la te pami zòn sible yo. Video ak foto yo pran nan anplasman an montre premye etaj building nan ki sibi anpil dega.

Pòtpawòl depatman defans ris la, Igor Konashenko, rekonèt tou ke, nan dat 28 avril la, kèk misil long pote e ak wot presizyon te frape kèk izin nan Kyèv, kote Ikrèn fabrike misil Artem yo.

Jounalis Vira Hyrych te pran nesans an 1967; li te kòmanse travay ak Radyo Ewòp Lib/Radyo Libète an fevriye 2018. Anvan sa li te travay nan yon estasyon televizyon nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG