Accessibility links

Breaking News

Envitasyon Zelenskyy nan Somè G-20 an Pa Ase pou Biden


Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy, Mekredi 20 Avril 2022.
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy, Mekredi 20 Avril 2022.

Prezidan Peyi Endonezi a, Joko Widodo, ki se prezidan Gwoup G-20 an ane sa a, anonse vandredi li envite Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, nan somè ekonomik la ki pral dewoule nan vil Bali nan mwa novanm nan. Nan yon mesaj sou video liè endonezyen an pibliye kote li eksplike rezondèt envitasyon li voye bay Zelenskyy a, li deklare:

“Nou konprann ke G-20 an gen yon wol katalizè pou l jwe nan relans ekonomi mondyla la, e lè n ap pale de relans ekonomi mondyal la, gen 2 faktè enpòtan pou n sonje: KOVID-19 la avèk lagè a nan Ikrèn.”

Widodo ajoute li te voye envitasyon an mèkredi pandan yon konvèsasyon telefonik kote li te rejte yon demand pou zam, men li ofri asistans imanitè pou Ikrèn. Li di li pale tou ak Prezidan Vladimir Putin jedi e lidè ris la fè l konnen l ap vini nan somè ekonomik la.

Envitasyon sa a reprezante yon gwo siyn mezantant nan sen G-20 an nan moman lidè peyi oksidantal yo pa sispann egzije pou yo wete Larisi nan gwoup 20 pi gwo ekonomi mondyal yo. Prezidan Ameriken an, Joe Biden, Premye Minis Kanada a, Justin Trudeau, ak Premye Minis Ostrali a, Scott Morrison, antwot, di patisipasyon Putin nan G-20 an ba yo kèsote e yo anonse yo pa p patisipe si Putin ap la tou.

XS
SM
MD
LG