Accessibility links

Breaking News

Nancy Pelosi Fè Vizit Sipriz nan Kyèv

Nan foto sa a ke biwo prezidansyel Ikrenyen an pibliye Dimanch 1 Me Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy (a dwat) remet Lod Prenses Olga a bay Lide La Chanm de Reprezantan Etazini an, Nancy Pelosi nan vil Kyev.

Lidè La Chanm dè Reprezantan Etazini an, Nancy Pelosi, rankontre Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy pandan yon vizit sipriz li te fè nan nan kapital la, Kyèv, Samdi. Se Dimanch yo te anonse nouvèl la.

Pelosi revele rezon ki te fè'l vizite Ikrèn se pou montre sipò Etazini pou defans peyi a kont envazyon Ris la.

Pandansetan, yon operasyon pou evakye sivil yo nan yon izin asye nan vil Mariupol ap dewoule jodi Lendi 2 Me a.

Jefò pou wetire sivil ki nan kokenn chenn izin asye Azovstal la te tanmen Dimanch an kowodinasyon ak La Kwa Wouj Entènasyonal epi responsab Ikrenyen ak Ris yo.

Prezidan Ikrenyen an di premye gwoup 100 moun yo pran direksyon teritwa Ikrèn kontwole.

Pi ta Dimach, youn nan defansè izin asye a te di fos Ris yo rekomanse atake izin nan "osi to" ke evaksyon sivil la te fini.

XS
SM
MD
LG