Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy: "Larisi Imilye Nasyonzini "


UN Secretary-General Antonio Guterres gestures as he visits Borodianka, outside Kyiv, on April 28, 2022.
UN Secretary-General Antonio Guterres gestures as he visits Borodianka, outside Kyiv, on April 28, 2022.

Larisi konfime vandredi ke se li ki te lanse atak sou kapital la Kyev pandan vizit, Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres.

Bonbadman sa yo kite 10 moun blese ak omwen yon moun ki se yon jounalis Ikrenyen te jwenn lanmò li.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy di li regrèt "ke yon imilyasyon brital ak ekspre ke Larisi Bay Nasyonzini, e yo rete bèbè ke zak sa a fèt san repons".

Washington akize Prezidan Vladimir Putin de "depravasyon" ak "mechanste" pou fason fòs Ris yo konpòte yo ak Ikrèn.

Pòtpawòl Pentagòn John Kirby te di: “Li difisil pou w gade imaj yo epi imajine yon lidè serye ap fè sa.

XS
SM
MD
LG