Accessibility links

Breaking News

Pèfòmans Ekonomi Ayisyèn nan Pandan Ane 2018

Jolaine Norassaint, vin chache kòb mari li Milice ki se yon bòs mason kap travay nan konstriksyon yon estad o Brezil voye pou li. L al pran kòb la nan mezon tranfè St. Michel, Ayiti,15 novanm 2013. Milice te kite Ayiti pou Brezil an 2011. Li espere yon jou la reyini ak fanmi li.

Ekonimi ayisyèn nan te konpòte li yon fason monte-desann, li te montre yon evolisyon ki pa t estab ditou daprè yon rapò ki sòti nan Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik (IHSI).

Nan yon atik sou pèfomans ekonomi ayisyèn nan pou ane 2018 la, Radyo Metwopòl (Radio Métropole) fè konnen ekonimi an te konpòte li yon fason monte-desann, li te montre yon evolisyon ki pa t estab ditou, e konsta sa a jwenn konfòmasyon li nan yon rapò ki sòti nan Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik. Atik la di nou:

“Nan dènye rapò Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik (abreje fransè INSI) pibliye sou “kont ekonomik yo” pou ane 2018 la, li fè konnen PIB peyi (Pwodui Enteryè Bri) peyi a te anrejistre, an tèm reyèl, yon ogmantasyon 1,5% -swa yon wòs ki pi wo pase chif 1,2% pou ane anvan an; sepandan se apèn si ogmantasyon sa a egal ak to kwasans demografik natirèl la ki se 1,5%.

Yon mezon transfè nan Pòtoprens Ayiti kote anpil moun ap tann transfè fanmi yo voye pou yo soti aletranje tou suit apre tranblemantè ki te pran lavi plizyè 100tèn moun nan Pòtoprens. Foto Achiv: 22 janvye 2010.

Tandiske aktivite yo te dewoule nan yon klima ki te favorab pou biznis yo pandan 9 premye mwa ane 2018 la, denyè trimès ane fiskal la te sibi move konsekans seri mouvman leve-kanpe mwa jiyè a. Daprè rapò INSI a, preske tout sektè aktivite yo te anrejitre rezilta modès, men kanmèm pozitif pandan ane a.

“Branch agrikilti a, kote aktivite yo te woule sou yon mas monetè 3 milya 300 milyon goud konstan, te rive konnen yon wòs 1,0% an volim pa rapò ak valè ajoute li. Bò kote pa yo, endistri manifakti yo, an gwo, te anrejistre yon kwasans anviwon 1,1%; nan sektè sa a nou jwenn sitou fabrikasyon pwodui alimantè ak bwason (kwasans 1,0%), Tekstil, Rad avèk Pwodui an Kui (1,4%).

Ansyen prezidan ameriken George W. Bush (nan mitan) te vizite R. Perry Import-Export, yon konpayi kap voye mango ayisyen al vann aletranje. Foto achiv: 10 out 2010.
Ansyen prezidan ameriken George W. Bush (nan mitan) te vizite R. Perry Import-Export, yon konpayi kap voye mango ayisyen al vann aletranje. Foto achiv: 10 out 2010.

Pami lòt sektè ki te plis ede PIB a pran jarèt, genyen sektè Batiman ak Travo Piblik (2.1%) ki te benefisye gwo sipò yo te jwenn nan egzekisyon pwojè enfrakstrikti nan kèk rejyon peyi a. Malgre evennman mwa jiyè a, bon rezilta 3 premye trimès yo te bay te pèmèt sektè komès la kenbe fèm avèk yon wòs 1,1% -sa ki reprezante kanmèm yon bès pa rapò ak ogmantasyon 1,3% pou ane 2017 la. “

LLM / Radio Métropole Haïti

XS
SM
MD
LG