Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Ekonomi: Goud la, Sèl Lajan pou Komès? - Dout Sektè Prive a


Foto lajan

Ann Ayiti, Reyaksyon kontinye tonbe nan sektè komès ak endistri a aprè gouvènman Moise/Lafontant an te pran yon desizyon ki mande pou goud ayisyen an sèlman sèvi pou tout tranzaksyon kap fèt nan peyi a.

Nan dat premye mas 2018 la gouvènman ayisyen an te pibliye yon arete ki fè obligasyon pou tout tranzaksyon fèt an goud sou teritwa nasyonal la. Desizyon sa a pa konsène depo ak kont an dola yo, ni kontra ki te ekziste anvan piblikasyon arete a.

Pou ekonomis Edy Labossière, gouvènman an pran yon bon desizyon ki pral bay monè nasyonal la, goud la, jarèt epi mete lòd nan mache de chanj la. Misye Labossière kwè yon chita-pale ant otorite finansye yo ak sektè prive a ta nesesè pou evite konfli ki pap bon pou ekonomi ayisyèn nan.

Edzer Emile, yon lòt ekonomis ayisyen e ekriven, otè yon liv popilè ki gen pou tit «Haiti a choisi d’être un pays pauvre », kwè li menm tou desizyon ki fè goud la tounen lajan inik pou yon moun achte e van ann Ayiti, se yon bon desizyon, menm lè, daaprè li, sa pa vle di goud la pral pran valè.

Pou George Sassine, prezidan Asosyasyon Endistri d’Ayiti (ADIH), mezi sa a pa fin klè nèt. An fèt, endistriyèl la di li dakò ak desizyon tou nèf la, men sektè prive a ap bezwen yon peryòd tranzisyon pou mete l ann aplikasyon.

Sektè prive aysiyen an mande otorite monetè ak finansyè yo yon rankont pou yo analize desizyon an ansanm e pote eklèsisman sou arete prezidansyèl ki ofisyalize l la.

Chanm depite ayisyen an pa rete endiferan devan dosye sa. Se konsa, nan Chanm Bas la, yon douzèn palmantè konvoke minis ekonomi ak finans la, Jude Patrick Salomon, pou li prezante nan palman an epi pote limyè non sèlman sou arete ki oblije tranzaksyon komèsyal yo fèt an goud nan peyi a, men tou plizyè lòt dosye tankou defisi bidjetè a.

Antretan, Depatman Ekonomi ak Finans ap òganize seminè fòmasyon pou fonksyonè ki pral gen pou sipèvize aplikasyon arete prezidansyèl la.

XS
SM
MD
LG