Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Ekonomi - 20 Mil Goud pou Mechann Mache Hyppolite yo / Reyaksyon


Temwayaj Machann ki pèdi Machandiz yo nan mache boule yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:47 0:00
Ann Ayiti, Premye minis Jack Guy Lafontant bay yon konferans pou laprès kote li repete pwogram gouvènman an genyen pou l ofri 20 mil goud pou chak machann ki te pèd pwovizyon ak machandiz yo nan yon gwo dife ki te boule Mache Hyppolite (Mache Anba) nan mwa fevriye pase a.
Sepandan anpil machann rejte òf sa a sou baz ke lajan an twò piti. Kèk nan yo, ki pale ak korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, fè konnen yo fè twò gwo pèt nan trajedi a; genyen nan yo ki deklare pèt yo depase "yon milyon dola", kidonk kòb gouvènman an ofri a pa ka fè anyen kòm reparasyon pou gwo kou yo pran nan dife a.
Nan youn nan entèvyou yo, machann yo lanse apèl bay Leta pou yo mande otorite yo "debleye mache a", fè wete debri dife a kite nan mache a dekwa pou li ka vin operasyonèl ankò, paske yo pare pou yo rekòmanse aktivite yo.
Klike sou lyen anlè a pou w tande reyaksyon 2 machann.
XS
SM
MD
LG