Accessibility links

Breaking News

Sitiyasyon an nan Ladwann Pòtoprens Kote yon Grèv Antre nan 2èm Semèn li


Nan peyi d Ayiti, grèv anplwaye ladwann yo kòmanse 2èm jounen li lendi 12 mas 2018 la. Daprè repòtè jounal Le Nouvelliste, Jean Daniel Sénat, tout aktivite nan enstitisyon an te paralyze pandan jounen an. Majorite anplwaye yo t ap fè va-e-vyen nan lakou a, tandiske kèk lòt te nan biwo yo, men yo pa t ap fè anyen. Anplwaye yo te reponn apèl ADH (Asosyasyon Dwayen Ayisyen) ki te lanse yon mo-dòd pou grèv la rete an plas pandan premye jounen semèn nan.

Nan yon nòt poulaprès asosyasyon an te pibliye nan fen jounen dimanch la, li te denonsa sa lire le “coup de force” minis ekonomi ak finans la, Jude Alix Patrick Salomon, ki te envite ajan Polis Nasyonal la (PNH) pou yo dechaje bato yo byen ta nan jounen 10 mas la nan Pòtoprens. Daprè ADH, se yon desizyon ki vyole prensip ISPS ki reji sekirite ak prensip kontwòl dwanye yo.

Nan jounen lendi a, minis Salomon te pale sou antèn Magik9 pou l fè konnen responsan yo te pran tout dispozisyon pou yo libere pwodui refrijere yo, pwodui ki pral nan izin asanblaj yo ansanm avèk dispozisyon pou yo relouvri Administrasyon Jeneral Ladwann nan.

Nan fen yon pwogram Magik9 te prezante nan maten, daprè jounalis Jean Daniel Sénat, pòtpawòl Asosyasyon Dwanye yo Ayisyen yo, Michelson Nelson, te kritike fason minis finans la te trete dosye a. Li te denonse sa li konsidere kòm volonte minis la pou l revoke pèmi pò-dam anplwaye ladwann yo. Misye Nelson deklare:

<< Nou pa gen pèmi pòdam. O lye de sa, genyen yon kò ame nan AGD e se yon dekrè ki te parèt an 1995 ki te kreye kò ame sa a. Li rele “Siveyans dwanye ak Lit kont Kontrebann ak Fwod”. Si minis la vle jwenn sa li swete a, se pou li elimine atik ki otorize nou pote zam nan. >>

Michelson Nelson denonse sa li rele “yon operasyon tyòtyòt (chovsouri) minis Salomon ta lanse nan dwann Pòtoprens la, nan dwann Malpas la, elatriye. Pòtpawòl ADH la lanse apèl bay direktè Polis la ak direktè Administrasyon Jeneral Dwann yo pou l mande yo pran responsablite yo. Li deklare, kontrèman ak sa minis la fè konnen, grevis yo pat janm eseye anpeche sila yo ki vle travay fè sa.

Nan moman nou ta pral pibliye tèsk sa a (madi 13 mas 2018 la vè 2:00 PM), dènye nouvèl fè konnen gouvènman an ak grevis yo sanble rive jwenn yon antant pou grèv la leve; aplikasyon antant sa a ta gen pou dire jous 25 avril 2018 la, dat kote minis la pral depose nan palman an nouvo bidjè 2018-2019 la.

XS
SM
MD
LG