Accessibility links

Breaking News

Omwens 5 Moun Mouri 68 Sove Nan Lanme Tou Pre Pòtoriko


Migran Ayisyen sekouris yo sove mache sou yon plaj tou pre zile Mona a lwes Potoriko, Jedi 28 Jiye, 2022.
Migran Ayisyen sekouris yo sove mache sou yon plaj tou pre zile Mona a lwes Potoriko, Jedi 28 Jiye, 2022.

Otorite yo fe konnen omwens 5 migran Ayisyen mouri neye e 68 lòt sove Jedi, apre yon bato ke yo sispek tap fe trafik moun te lage yo nan mitan lanme tou pre yon zile kote pesòn pa abite ki a lwes Pòtoriko.

Ensidan sa a se denye nan yon seri vwayaj kote moun mouri ki fet nan nò Karayib la kote migran Ayisyen pou pi fò ap kouri kite peyi yo akoz kriz politik ak ekonomik la epi ogmantasyon nan zak vyolans gang yo ak kidnaping.

Otorite federal ak lokal yo te fouye zòn ozalantou Zile Mona pandan plizye he'd tan apre polisye depatman Resous Natirel Pòtoriko yo te rele yo pou di yo we migran yo.

Responsab yo te determine pa gen okenn lot moun ki disparet, dapre entevyou yo fe ak sivivan yo, pòt pawòl Gad Kòt Etazini Ricardo Castrodad di Associated Press.

Misye di gen 41 gason, 25 fanm ak 2 timoun ki soti vivan. Li ajoute okenn pat gen pwoblem medikal ijan.

Jeffrey Quinones, pòt pawòl Sevis Pwoteksyon Fwontye ak La Dwan Etazini di tout migran abo bato a sete Ayisyen.

Pi fo bato kap transpote migran Ayisyen yo anbachal konn dekole depi Repiblik Dominiken, e yo fe vwal pou Pòtoriko.

Genyen ladan yo ki koule nan Pasaj Mona a ki danjre anpil e ki separe 2 zile yo, tandiske gen lot bato ki konn lage migiran yo sou ti zile kote pa gen moun anvan yo rive Potoriko.

Nan ka sa a, bato ki tap transpote migran yo te kouri kite sen nan, Castrodad deklare.

Sovtaj sa a fet kek jou selman apre otorite Bahamas yo te dekouvri kadav 17 migran epi sove 25 lot apre bato yo te koule bone Dimanch. Otorite Bahamas yo ap mennen anket sou ensidan sa a.

XS
SM
MD
LG