Accessibility links

Breaking News

Sekouris Bahamas yo Pa Gen Espwa Jwenn Okenn Lòt Migran Ayisyen


Nan foto sa a ke Fos Defans Wayal Bahamas la pibliye, sivivan yon aksidan bato chita sou bato a pou tann sekouris yo tou pre New Providence, Bahamas, Dimanch 24 Jiye, 2022.
Nan foto sa a ke Fos Defans Wayal Bahamas la pibliye, sivivan yon aksidan bato chita sou bato a pou tann sekouris yo tou pre New Providence, Bahamas, Dimanch 24 Jiye, 2022.

Otorite Bahamas fouye plaj yo, kòt la ak lanmè pou wè si yo ta dekouri kèk lòt kadav, apre yon bato ki tap transpòte apepre 45 migran Ayisyen te koule nan lanmè.

Dayiva yo rekipere jiskaprezan kadav 15 fanm, yon gason ak yon timoun piti. Yo rive sove yon lòt 20 gason ak 5 fanm Dimanch, dapre otorite Bahameyen yo.

William Sturrup, yon manm Fòs Defans Wayal Bahamas la deklare Madi sekouris yo pa atann yo aske yap jwenn okenn lòt sivivan.

Gen 3 Bahameyen ke yo arete an koneksyon ak nofraj la. Li poko klè si yo pral mennen yo devan la jistis. Responsab yo fèk tanmen yon ankèt kriminèl sou sa yo sispèk se yon operasyon trafik moun ilegal.

Minis Imigrasyon Keith Bell deklare depatman li an ap revize pèmi 2 suvivan ki te gen dwa travay nan Bahamas.

Bato doub motè ki rele "Bare Ambition" nan sanble te koule a yon distans 11 kilomèt konsa ak New Providence apre li te kite zile Bahamas vè 1 hè di maten Dimanch. Yo kwè li tapral Miami.

Otorite Bahamas Arete 2 Moun an Koneksyon ak Nofraj yon Bato Migran Ayisyen
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:22 0:00

Se dènye nan yon seri trajedi sou lanmè ki lakoz yon pakèt migran Ayisyen pèdi lavi yo. Souvan Ayisyen yo kouri kite peyi yo akoz kriz ekonomik la ki pran anplè ak yon ogmantasyon nan zak vyolans gang yo. Sityasyon peyi a vinn pi difisil depi asasina Prezidan Jovenel Moise ane pase a.

Minis Sekirite Nasyonal la, Wayne Munroe deklare ankèt la pral santre sou kiyès ki te patisipe nan mouvman migran yo.

Gouvènman Ameriken an ap ede Bahamas chache sivivan yo ak dron, avyon epi sibmèrsib.

XS
SM
MD
LG