Accessibility links

Breaking News

Bahamas Arete 2 Moun an Koneksyon ak Nofraj Bato Migran Ayisyen yo


Kadav yon migran ki mouri apre bato ki tap transpote li fe nofraj tou pre kot Bahamas, 24 Jiye, 2022.
Kadav yon migran ki mouri apre bato ki tap transpote li fe nofraj tou pre kot Bahamas, 24 Jiye, 2022.

Otorite Bahameyen arete 2 moun an koneksyon ak nofraj yon bato ki tap transpòte migran Ayisyen e ki koule nan lanmè, dapre Komandan adjwen Fòs Wayal Defans Bahamas, Shonedel Pinder.

"Apa 2 Bahameyen ki anba kòd e kap ede nou ak ankèt la, enfòmasyon nou jwenn sigjere tout pasaje yo te migran Ayisyen," Madan Pinder di laprès.

Dimanch, otorite Bahameyen yo te jwenn 17 kadav nan lanmè a e yo te rive sove 25 lòt.
Pami viktim yo te gen 15 fanm, yon gason ak yon ti bebe ki gen 4 ou 5 mwa.

Li pa klè si gen moun ki disparèt apre bato a te koule bonè Dimanch maten a yon distans 11 kilomet konsa ak vil New Providence. Otorite yo kwè te gen yon afè de 60 migran nan bato a le li te dekole nan Bahamas pou ale Miami, Florid, Ozetazini.

Premye Minis Philip Brave Davis di travayè lasante yo te mennen moun yo rive sove yo lopital pou obsèvasyon.

Avoka gouvènman Bahamas la, Ryan Pinder te bay detay sou ankèt la.

"Antanke avoka gouvenman an sètènman nou pral rete tann rapò final lapolis la. Si gen krim ki te komèt, gouvenman Bahamas pap ezite pou'l pran mezi kont tout kriminèl ki responsab yo, epi mennen yo defan la jistis," Misye Pinder deklare.

Nan foto sa a ke Fos Defans Wayal Bahamas la pibliye, sivivan yon aksidan bato chita sou bato a pou tann sekouris yo tou pre New Providence, Bahamas, Dimanch 24 Jiye, 2022.
Nan foto sa a ke Fos Defans Wayal Bahamas la pibliye, sivivan yon aksidan bato chita sou bato a pou tann sekouris yo tou pre New Providence, Bahamas, Dimanch 24 Jiye, 2022.

Premye Minis Ayisyen an, Ariel Henry te reyaji sou ensidan an sou Twitter.

"17 konpatriyòt mouri tou pre Bahamas e plizye lot disparet 24 Jiyè. Nouvo dram sa a se yon tristès pou tout peyi a," li deklare.

PM Henry prezante senpati li tou bay paran viktim yo epi ankouraje diyalòg pou rezoud pwoblem peyi a.

"Pandan nap prezante senpati nou bay paran viktim yo, nap lanse apel yon lòt fwa ankò pou gen yon rekonsilyasyon nasyonal pou rezoud pwoblem ki lakoz moun ap kouri kite peyi yo pou y'al viv lwen peyi yo, yo se frè nou sè nou ak pitit nou," PM Henry deklare.


Premye Minis Bahameyen an te pwofite konferans pou laprès pa li pou pale de yon rezolisyon LONU adopte sou Ayiti ak pozisyon CARICOM sou ensekirite a.

"Nou fèk gen yon rezolisyon LONU adopte sa gen 2 semèn de sa, ki pral mentni prezans yon fòs mentyen lapè nan peyi a. Kesyon an se èske ap gen yon entevansyon" Ou konnen pozisyon CARICOM se ke fòk se yon solisyon Ayisyen olye nou enpoze yon solisyon noumenm. Nou toujou gen opinyon sa a e nou pral eseye ankouraje tout faksyon yo pale talè konsa. Pou kounyea se yon lagè ant gang yo. Ayiti se yon eta defayan. E gen jefò kap fèt kounyela a pou jwenn yon antant ant pati kap fè lagè yo - setadi lidè gang yo," Premye Minis Davis deklare.

Bahamas sèvi souvan kòm pwen tranzit pou Ayisyen kap eseye rive Ozetazini. Gen gwo danje ki poze lavi yo le yap vwayaje nan bato ki rachitik.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters.

XS
SM
MD
LG