Accessibility links

Breaking News

Ayiti Pote Dèy pou 11 Fanm ki te Abò yon Bato ki Koule Tou Pre Pòtoriko


Responsab legliz yo mete potre 11 fanm ki mouri mwa pase a nan yon aksidan bato migran tou pre Potoriko sou sekey yo nan yon legliz nan San Juan, 15 Jyen 2022.
Responsab legliz yo mete potre 11 fanm ki mouri mwa pase a nan yon aksidan bato migran tou pre Potoriko sou sekey yo nan yon legliz nan San Juan, 15 Jyen 2022.

Lantèman 11 fanm Ayisyèn ki mouri nan yon bato chaje ak migran tou pre zile Potoriko chante nan San Juan Mèkredi.

Yo te tinedjè, mnman pitit, etidyant, gradye inivèsite e yo tout te abò youn nan vwayaj pi danjre ki fèt pandan mwa ki pase yo. Bato yo ta tap transpòte ant 60 ak 75 migran, e 11 pami yo mouri. Gen omwens yon douzèn ki sou lis moun ki disparèt. Otorite yo rive sove 38 migran.

Kèk pami moun ki te prezan yo te leve telefòn yo nan lè a Mèkredi pandan yo tap difize an dirèk fineray la ak lantèman an sou rezo sosyal yo pou fanmi ki ann Ayiti ki pat gen lajan pou vwayaje Potoriko.

Imaj sa yo te pèmèt Ayisyen kap viv ilegalman sou teritwa Ameriken an e ki te pè pou yo pa arete yo gen yon chans pou yo di viktim yo adye.

Otorite Ameriken yo rapòte yon gwo ogmantasyon nan kantite migran Ayisyen yo arete toupatou nan Karayib la konparativman ak ane ki sot pase yo.

Pi fò migran ki mouri sou lanmè ensinere, men Prophil, yon lidè lokal Ayisyen di limenm ak lòt yo te goumen pou yon fineray paske Ayisyen pa kwè nan ensinerasyon epi yo patka rapatriye kadav yo akoz biwokrasi gouvènman an.

Yon pati nan mes Mekredi a te chante an Kreyòl, e drapo Ayisyen an te kouvri chak sèkèy, ansanm ak yon foto moun ki andedan an.

Nan simityè a, yo te brave gwo lapli ak labou pou asiste seremoni lantèman an.

Gen yon dam ki te pran rele pandan moun ki te ozalantou li te antoure'l epi chante pou kalme'l.

XS
SM
MD
LG