Accessibility links

Breaking News

5 Moun Mouri, 66 Migran Sove nan Lanmè Tou Pre Pòtoriko


Foto Achiv: Yon elikopte Gad Kot Etazini vole nan zon kote yon bato chavire nan lanme, tou pre kot Potoriko.
Foto Achiv: Yon elikopte Gad Kot Etazini vole nan zon kote yon bato chavire nan lanme, tou pre kot Potoriko.

Otorite yo fè konnen omwens 5 migran mouri neye e yo sove 66 lòt sou lanmè jedi apre yon bato yo sispèk ki t ap fè trafik moun te lage gwoup la nan lanmè tou pre yon zile kote pèsonn pa abite a lwès Pòtoriko.

Otorite federal ak lokal yo ale sou sèn nan, kote y ap chache sivivan oubyen lòt moun ki ta petèt neye, dapre Ricardo Castrodad, pòtpawòl Gad Kòt Etazini. Misye te pale ak Associated Press. Li poko klè konbyen moun ki te nan bato a.

Castrodad di 41 gason ak 25 fanm sòti vivan, pami yo gen 2 timoun. Nou poko konnen nasyonalite ni laj moun ki mouri yo ni pa sa ki sove yo. Jeffrey Quiñones, pòtpawòl Sèvis Ladwann ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini, pa reponn demann AP te fè pou kòmantè.

Ensidan sa a se dènye nan yon seri vwayaj danjre ki lakoz lanmo moun nan rejyon no Karayib la. Anpil fwa bato sa yo ap transpòte Ayisyen k ap kouri kite kay yo akoz ensekirite, zak vyolans gang yo epi kidnaping.

Dimanch, otorite Bahamas yo te rekipere kadav 17 migran epi sove 25 lòt apre bato ki t ap transpòte yo a te koule. Yon ankèt kriminèl ap kontinye.

Pandansetan 11 me pase a, 11 fanm Ayisyèn te mouri neye tandiske 38 lòt te sove apre bato yo a te koule tou pre Pòtoriko. Castrodad deklare:

"Se yon bagay ki pase chak jou. Tout moun ap fè fas ak menm risk la ak menm danje a."

XS
SM
MD
LG