Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini: Aksyon Militè Pral fè Sitiyasyon an vin pi Grav nan Siri


Anvwaye espesyal Nasyonzini ak Lig arab la nan Siri, Kofi Annan
Anvwaye espesyal Nasyonzini ak Lig arab la nan Siri, Kofi Annan

Anvwaye espesyal Nasyonzini ak Lig arab la nan Siri, Kofi Annan, di si gen plis aksyon militè nan peyi a; sa pral fè sitiyasyon an vin pi grav toujou.

Mesye Annan fè deklarasyon sa a nan vil Lekèr nan peyi Ejipt kote li t ap rankontre ak sekretè jeneral Lig Arab la, Nabil Elaraby.

Ansyen sekretè jeneral Nasyonzini an gen pou l al vizite Siri pita semèn sa a. Pandansetan, Vis minis petwòl Siri a bay demisyonn nan pòs li, li pase nan opozisyon kont prezidan Bashar Al-Assad, li di gouvènman an fè pèp siryen an pase yon ane la pènn ak tristèss .

Nan yon videyo ki poste sou YouTube, Abdo Husameddine, ankouraje kòlèg li yo pou yo abandone sa li rele yon “bato k ap koule”.

XS
SM
MD
LG