Accessibility links

Breaking News

Siri: Rebèl yo Kite Distri Baba Amr vil Homs nan


Siri: Rebèl yo Kite Distri Baba Amr vil Homs nan
Siri: Rebèl yo Kite Distri Baba Amr vil Homs nan

Konbatan rebèl nan Siri yo pati kite distri Baba Amr vil Homs nan, apre yo finn pase yon mwa ap resevwa gwo frap nan men fòs k ap defann prezidan siryen Basahar Al Assad yo.

Rebèl sa yo, ki rele tèt yo Brigad revolisyonè Baba Amèr, fè konnen y ap kite zòn nan, dekwa pou epanye lavi 4 mil sivil ki ensiste pou rete lakay yo.

Rebèl yo kontinue pou di : "retrè taktik yo fè la a gen pou wè ak kondisyon umanitè yo k ap vinn pi mal de jou an jou lotbò a, kote moun manke manje, medikaman, dlo potab ak elektrisite. Anplis desa, kominikasyon yo koupe epi kantite zam yo ap diminye. "

Obsèvatè dwazimen siryen an, ki baze nan kapital britanik la, Lond, di foss ki anfavè prezidan Basahar Al-Assad yo debake nan katye rezidansyèl yo , kote y ap poze arestasyon pa bann e pa pakèt.

Dapre nouvèl yo, sòlda gouvènmantal Siri yo touye omwen 17 moun nan katye Babba Amè a . Nan yon kominike rebèl yo pibliye, yo mande pou Lakwa Wouj entènasyonal pote asistans imanitè nan zòn nan, e yo lanse avètisman pou di : si fòs gouvènmantal atake sivil lotbò a, fòs rebèl yo pral reyaji sevèman kont yo pou aksyon yo poze yo.

XS
SM
MD
LG