Accessibility links

Breaking News

2 Mil Siryen Travèse Fwontyè Peyi a Pataje ak Liban


(AP Photo/Rodrigo Abd)
(AP Photo/Rodrigo Abd)

Nan peyi Siri, Fòs militè yo fè la chas dèyè opozan yo nan yon ofansiv brital yo lanse kont rebèl ki kont gouvènman an aprè 26 jou syèj nan sant vil Homs.

Sivil yo te kouri kite zòn nan pou yo ale Liban pa krent pou yo pat touye yo. Militan yo akize sòlda gouvènman an poutèt yo pat kite La Kwa Wouj gen aksè nan vil Homs ki nan komin Bab Amro pou yon 4 triyèm jounen pou yo te ka kache aktivite yo.

Kèk pèsonalite nan opozisyon an di aprè fòs siryen yo te fin sezi Bab Amro semèn pase a, yo touye plizyè douzèn rezidan, yo egzekite yo e yo boule kay yo an revanch kont moun yo kwè ki t ap apiye rebèl yo.

Ajans refijye Nasyonzini an di gen apeprè 2 mil siryen ki travèse pou yo ale nan Liban nan 2 jou ki sot pase a, akoz vyolans.

XS
SM
MD
LG