Accessibility links

Breaking News

Apèl pou Siri Louvri Imedyatman yon Koridò Imanitè pou Abitan yo


Apèl pou Siri Louvri Imedyatman yon Koridò Imanitè pou Abitan yo
Apèl pou Siri Louvri Imedyatman yon Koridò Imanitè pou Abitan yo

Responsab kesyon imanitè Nasyonzini dwe ale nan vil Homs, nan peyi Siri, pou wè si li va konvenk otorite siryen yo kite travayè sekou antre nan vil la pou delivre asistans imanitè pou abitan yo ki anba sènay fòs gouvènmantal siryèn yo depi plis pase yon mwa.

Yon pòtpawòl l’ONU di Valerie Amos rive nan vil Damas, kapital Siri, kote li fè chita-koze ak responsab afè etranjè siryen yo. Madam Amos sipoze rete nan nan peyi arab la jouk vandredi e, yon jou apre, ansyen sekretè-jeneral Nasyonzini Kofi Annan dwe fè yon vizit nan Damas kòm anvwaye espesyal l’ONU pou Siri.

Vizit sa a ap fè nan moman presyon entènasyonal la ap monte sou gouvènman siryen an pou l mete yon pwen final nan rebelyon k ap sakaje peyi a depi preske 1 an kounye a.

Lèzetazini anonse li mete devan Konsèy Sekirite l’ONU an yon nouvo rezolisyon ki vize mete fen nan vyolans lan, pandan lidè Turki a, bò kote pa li, lanse apèl pou Siri louvri imedyatman yon koridò imanitè pou asistans kapab rive jwenn abitan yo nan Homs.

XS
SM
MD
LG