Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite l’ONU Apwouve yon Deklarasyon sou Siri


Konsèy Sekirite l’ONU Apwouve yon Deklarasyon sou Siri
Konsèy Sekirite l’ONU Apwouve yon Deklarasyon sou Siri

Nan Nouyòk, tout manm Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyon Zini an vote, jedi premye mas 2012 la, pou yo apwouve yon deklarasyon ki kondane sitiyasyon an nan Siri. Prezidan konsèy la, Mark Lyall Grant (anbasadè britanik nan l ONU), li yon pati nan dokiman an ki di:

“Manm Konsèy Sekirite a regrèt fason rapid sitiyasyon imanitè a ap deteryore e espesyalman gwo kantite sivil ki sibi move konsekans yo; nou regrèt le fèt ke moun yo pa kapab jwenn sèvis medikal ki nesesè, yo manke manje –espesyalman nan rejyon kote vyolans ak batay ap dewoule; zòn tankou Homs, Hama, Deraa, ak Idlib.

Konsèy Sekirite a lanse apèl pou li mande otorite siryen yo kite pèsonèl òganizasyon imanitè yo pran kontak ak tout sektè popilasyon ki nan nesesite yo, e se pou yo fè sa imedyatman, annakò avèk dwa entènasyonal e ak prensip ki reji asistans imanitè yo.”

Deklarasyon Konsèy Sekirite a vote jedi a se premye aksyon li pran jiskaprezan sou kriz ki pete nan Siri a. Nan 2 okazyon 2 manm konsèy la --Lachin ak Larisi-- te poze veto yo sou 2 pwojè-rezolisyon I t ap kondane gouvènman siryen an pou operasyon sere-boulon li lanse kont popilasyon sivil la, pou l kapab kraze yon mouvman leve-kanpe popilè.

XS
SM
MD
LG