Accessibility links

Breaking News

Yon Avangou "Mesaj sou Eta Inyon an" Prezidan Donald Trump pral pwononse Madi 5 Fevriye a

Prezidan Donald Trump pandan li t ap prezante Mesaj sou Eta Inyon an nan dat 30 janvye 2018.
Prezidan Donald Trump pandan li t ap prezante Mesaj sou Eta Inyon an nan dat 30 janvye 2018.

Nan moman Prezidan ameriken an, Donald Trump, ap chache efase oubyen mete dèyè do li enplikasyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl ki te mennen li sou pouvwa a (eleksyon novanm 2016 la), li gen plan poul itilize Mesaj sou Eta Inyon an pou site kèk pwogrè ekonomik Lèzetazini fè nan 2 zan li pase sou pouvwa a, pwogrè ki, daprè li, se rezilta presyon li fè pou l jwenn apui lidè demokrat yo nan Kongrè a pou gouvènman an bay bon rezilta nan domèn tankou rekonstriksyon pon avèk wout. Misye Trump pral prezante Mesaj sou Eta Inyon an nan sware madi 5 fevriye 2019 la nan lokal Kongrè (Kapitòl la) devan 2 chanm yo reyini (Sena a ak Chanm dè Reprezantan an).

Yon ide de asanble a nan Kongrè a pandan Prezidan Donald Trump t ap prezante "Mesaj sou Eta Inyon an" devan 2 chanm Kongrè a reyini nan lokal Kapitòl la nan Washington, le 30 janvye 2018.
Yon ide de asanble a nan Kongrè a pandan Prezidan Donald Trump t ap prezante "Mesaj sou Eta Inyon an" devan 2 chanm Kongrè a reyini nan lokal Kapitòl la nan Washington, le 30 janvye 2018.

Daprè yon deklarasyon La Mezon Blanch te fè anviwon 8 jou anvan prezantasyon mesaj la, Prezidan an pral atire atansyon sou yon ekonomi ki fò, ki dyanm, menm jan li pral ensiste sou yon to chimaj ki bese ba anpil pandan premye ane administrasyon l nan, san bliye benefis sitwayen yo jwenn nan yon lejislasyon ki bese taks y ap peye. Kèk pwòch kaloboratè Misye Trump di yo atann yo aske Prezidan an, ki pase 2 dènye weekend yo nan La Mezon Blanch pou l prepare mesaj la, kite de kote ton agresif li abitye afiche a pou l adopte yon ton ki plis apwopriye pou jwenn konpwomi e mete antant ant 2 pati yo.

Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (D-Kalif.), ki envite Prezidan an ale nan Kongrè a pou l fè prezantasyon MSI an ki te sipoze fèt nan dat 29 janvye 2019 la. Depite Pelosi te ranvwaye li akoz yon mezantant avèk La Mezon Blanch.

Direktè biwo lejislatif Mezon Blanch la, Marc Short, deklare:

"Prezidan an pral pale pou di kijan Lèzetazini remonte pant la; Lèzetazini lontan an retounen. Se konsa tou Prezidan an pral lanse yon apèl bay Demokrat yo pou l di yo: “Nou bezwen rebati peyi nou an.” Li pral lanse yon apèl pou l di nou bezwen enfrastrikti… e pou nou bati enfrastrikti, fòk nou tout, Repibliken kou Demokrat, travay ansanm."

XS
SM
MD
LG