Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Gouvènman Ameriken an Ap Re-Ouvè apre 35 Jou

Prezidan Trump ki t anonse akò La Mezon Blanch ak Kongrè a jwenn pou yo re-ouvè gouvènman an.
Prezidan Trump ki t anonse akò La Mezon Blanch ak Kongrè a jwenn pou yo re-ouvè gouvènman an.

Prezidan Donald Trump rive jwenn yon antant ak Kongrè a pou yo relouvri gouvènman federal ameriken an pandan 3 semèn. Se prezidan Trump li-menm ki fè anons la nan kòmansman aprè-midi jounen vandredi 25 janvye 2019 la. Lidè ameriken an, ki t ap pale avèk devan yon gwoup jounalis, deklare:

“Nou rive jwenn yon antant pou nou mete fen nan fèmti biwo Leta yo epi relouvri gouvènman federal la.”

Antant la, ki ofri finansman operasyon gouvènman an pou jous 15 fevriye, pa gen ladan n lajan pou konstriksyon yon miray sou fwontyè Lèzetazini ak Meksik la –miray Prezidan Trump pa t sispann reklame okòmansman e ki lage gwo mezantant ant lidè repibliken yo ak lidè demokrat yo nan Kongrè a. Prezidan an fè konnen annatandan yon solisyon definitif, Kongrè pral fòme yon komisyon k ap gen manm tou 2 pati yo ladan n pou evalye sekirite a sou fwontyè peyi a; sepandan, kontrèman ak egzijans Misye Trump t ap fè jiskela, li pa mande konstriksyon miray la sou fwontyè amerikano-meksiken an. Prezidan di:

“Nou pa bezwen yon miray an siman sou tout distans 2000 mil ki se longè fwontyè a. Nou pa t janm mande sa.”

Prerzidan Cham Depite a, Nancy Pelosi (D-Kal, agoch) avèk lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer (D-N.Y.), ki t ap souri nan yon konferans pou laprès yo t ap bay sou Kapitòl la nan Washington, vandredi 25 janvye 2019 la, aprè Prezidan Donald Trump te anonse akò sou re-ouvèti gouvènman an.

Anons re-ouvèti gouvènman ameriken an rive 35 jou aprè kriz la te kòmanse. Youn nan konsekans yo, sè ke anviwon 800 mil anplwaye federal te oblije rete san travay; e si yo te travay, yo pa t touche. Nan fen semèn pase a, anplwaye federal yo pa t resevwa chèk yo pou yon 2èm fwa. Kongrè a gen pou l vote e apwouve akò a anvan pou gouvènman an re-ouvè ofisyèlman.

{{Pou plis detay sou anons Prezidan Trump fè a, ale sou adrès Twitter sa a: https://twitter.com/W7VOA/status/1088880125461053440}}

XS
SM
MD
LG