Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Bra-de-fè a ap Kontinye sou Finansman Konstriksyon yon Miray sou Fwontyè Sid Peyi a


Negosyasyon ap dewoule nan lokal Kongrè a (foto) ant Repibliken ak Demokrat sou finansman yon miray ant Lèzetazini ak Meksik
Negosyasyon ap dewoule nan lokal Kongrè a (foto) ant Repibliken ak Demokrat sou finansman yon miray ant Lèzetazini ak Meksik

Nan kongrè ameriken an, lidè demokrat yo ap pare pou fè prezidan Trump monte yon maswife nan negosyasyon k ap fèt sou kesyon pou konnen si pouvwa lejislatif la pral vote pou finanse ou non konstriksyon yon miray sou fwontyè sid Lèzetazini an, swa fwontyè ki separe peyi a avèk Meksik.

Jean Robert Philippe, k ap swiv dosye sa a, di nou menm lè lidè ameriken an rekonèt gen anpil defi k ap tann li nan deba ka fèt ant La Mezon Blanch avèk Kongrè a sou demand li soumèt devan palmantè yo, sa pa anpeche li lanse menas pou l fèmen gouvènman an yon lòt fwa si Demokrat yo pa satisfè demand li a.

Demokrat yo Pa Brennen Devan Menas Prezidan Trump pou Refèmen Gouvènman an
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:45 0:00

XS
SM
MD
LG