Accessibility links

Breaking News

Etazini : Prezidan Donald Trump di Li Pare pou Refèmen Gouvènman Federal sil Pa Jwenn Lajan Konstriksyon Miray la


Prezidan Donald Trump Nan Moman Li Tap Anonse Reouvèti Gouvènman Federal Nan Lamezon Blanch. AP. Evan Vucci
Prezidan Donald Trump Nan Moman Li Tap Anonse Reouvèti Gouvènman Federal Nan Lamezon Blanch. AP. Evan Vucci

Prezidan Donald Trump fè konnen li konstate genyen sèlman 50 pousan chans pou negosyatè nan kongrè Etazuni an parèt ak yon plan akseptab pou finanse miray li vle konstwi sou fasad sid fwontyè peyi li a pataje ak Meksik la. Nan yon entèviou mesye Trump bay kotidyen ameriken konsèvatè Wall Street Journal yè dimanch la, li di genyen yon seri bon moun nan ekip negosyasyon tou 2 pati yo( repiliken ak demokrat).

Sepandan, li presize li pa kwè vrèmanvre li pral aksepte mwens pase 5 milya 700 milyon dola pou finanse mi lap reklame a, paske li ajoute li vle fè bagay yo kòmsadwa. Lokatè mezon balanch la eksprime dout sou lide pou l ta aksepte yon chemen nan direksyon sitwayennte amerikèn pou gwoup imigran revè yo, sètadi timoun ki te antre ilegalman ak paran yo isit ozetazuni.

Prezidan Donald Trump kontinue pou'l di avni ti moun ki nan kategori revè yo, se yon dosye diferan li ta renmen abòde yon lòt lè. Lokatè mezon blanch la fè konprann li toujou gen opsyon pou refèmen gouvènman federal si l pa jwenn lajan li bezwen pou fè konstriksyon li vle a.

XS
SM
MD
LG