Accessibility links

Breaking News

Etazini: Negosyasyon Ekstrèm ant Demokrat ak Repibliken sou Finansman Sekirite sou Fwontyè a


Kòtèj Prezidan ameriken an Donald Trump ki tap kite lokal Kongrè a nan Capital Hill. Foto achiv: 8 novanm 2019.
Kòtèj Prezidan ameriken an Donald Trump ki tap kite lokal Kongrè a nan Capital Hill. Foto achiv: 8 novanm 2019.

Negosyasyon ki ekstrèm men enpòtan kòmanse dep mèkredi 30 janvye 2019 la pou detèmine si wi ou non Demokrat ap dakò pou Kongrè a bay Prezidan Donald Trump 5 milya 700 milyon dola pou l konstwi yon miray ant Etazini ak Meksik, pou evite rezon sila a ki te lakoz gouvènman federal la fèmen pa repete ankò.

Yon lòt fèmti disi mitan mwa fevriye kap vinn la a, si Prezidan Trump pa jwenn lajan pou konstwi miray la. Yon gwoup ki reprezante 2 pati yo nan Sena ak Chanm Depite ameriken an ap eseye parèt ak yon konpwomi pou finanse sekirite sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik.

Konfli ant Demokrat yo ak Prezidan Trump la sou finansman konstriksyon miray la te lakoz gouvènman an te fèmen pasyèlman pandan 35 jou.

XS
SM
MD
LG