Accessibility links

Breaking News

Men Poukisa Sak Pase Nan Eleksyon Franse a Gen Enpòtans pou Mond lan


Yon dam pase devan pannkat kandida prezidansyel yo nan vil Angle, sidwes peyi La Frans, Vandredi 8 Avril 2022.
Yon dam pase devan pannkat kandida prezidansyel yo nan vil Angle, sidwes peyi La Frans, Vandredi 8 Avril 2022.

Pandan yon lagè ap dewoule nan lakou Ewòp de lès la, elektè Franse yo pral chwazi kiyès ki pral dirije yo nan yon eleksyon prezidansyèl ki pral gen konsekans ki depase frontyè peyi a.

La Frans se non sèlman dezyèm pi gwo ekonomi blòk Ewopeyen an men tou li se sèl peyi ki gen pouvwa veto nan LONU.

Li se tou youn pami sèl peyi sou kontinan Ewopeyen an ki gen zam nikleyè lakay li.

Gen 12 kandida kap postile pou prezidans la, pami yo prezidan sòtan an ki se favori pou ranpote la viktwa - Prezidan Emmanuel Macron. Misye ap chache yon dezyèm manda nan moman kandida ekstrèm dwat la ap esyeye taye zèb anba pye'l.

Wòl La Frans sou sèn Ewopeyèn nan e sèn global la rann eleksyon sa a - kap dewoule nan 2 etap apati Dimanch 10 Avril - gen anpil enpòtans.

XS
SM
MD
LG