Accessibility links

Breaking News

Manifestan nan Prague, Lond Pran Lari pou Pwoteste kont La Risi


Manifestan pran lari pou apiye Ikren apre envazyon la Risi fe nan peyi a nan vil Lond, Anglete, Samdi 26 Mas, 2022.
Manifestan pran lari pou apiye Ikren apre envazyon la Risi fe nan peyi a nan vil Lond, Anglete, Samdi 26 Mas, 2022.

Plizyè milye Ris kap viv nan Repiblik Tchèk la nan Prague ak dè milye moun nan Lond pran lari pou pwoteste kont agresyon La Risi fè nan Ikrèn.

Oganizatè manifestasyon anti-lagè Ris yo nan Prague di sete yon opotinite pou Ris yo di klèman e fo "Non a lagè a," "Non a Putin," "Nou ak Ikrèn," epi "Nou apiye Repiblik Tchèk la ak tout mond lan ki kont agresyon Ris la."

Patisipan yo defile nan kapital Tchèk la Samdi, kote yo vole drapo blan ak ble, yon bagay ki komen nan manifestasyon anti-lagè Ris yo. Yo ranplase drapo nasyonal La Risi a, ki ble, blan ak wouj ak youn kote pati wouj ki senbolize san ki koule ranplase ak yon lot seksyon blan.

Manifestan yo te kenbe pannkat tou ki di "Rete Putin," "Sove Mond lan" epi "Putin se pa La Risi" yo dekri Prezidan Ris la Vladimir Putin tankou yon "Asasen."

Met sou kondanasyon lagè a, Ris yo di yo vle di klèman yo fè pati sosyete lokal la e ke yo pa apiye Poutin anbachal.

XS
SM
MD
LG