Accessibility links

Breaking News

Sirèn Sonnen nan Kyèv, Nouvèl yo Rapòte 3 Eksplozyon


Lafimen monte apre yon atak ayeryen nan vil Lviv Ikren, pandan La Risi kontinye operasyon milite li nan peyi a, Samdi 26 Mas, 2022.
Lafimen monte apre yon atak ayeryen nan vil Lviv Ikren, pandan La Risi kontinye operasyon milite li nan peyi a, Samdi 26 Mas, 2022.

Sirèn ki avèti yon atak ayeryen te sonnen Samdi apremidi nan vil Lviv nan wès peyi a. Gouvènè rejyonal la Maxym Kozytsky rapòte "3 eksplozyon pwisan tou pre Lviv" san li pa bay detay sou kisa ki te vize. Videyo Associated Press filme montre gwo nwaj lafimen ap monte sou tèt vil la.

Lviv, gen 700,000 abitan e li sitye apepre 70 kilomèt a lès frontye Ikrèn ak Polòy la. La Risi te evite atake vil sa a pandan semèn ki pase yo.

Sa gen 2 semèn fòs Ris yo te lanse misil sou yon sant antrenman militè tou pre Lviv, ki te nan epòk la sib ki pi a lwès yo te vize nan peyi a. 35 moun te mouri.

Depi komansman envazyon an, Lviv tounen yon kote si pou plis pase 200,000 Ikrenyen ki al pran refij lòt bò a.

Eksplozyon yo Samdi rive nan moman Prezidan Etazini Joe Biden tap klotire yon vizit nen peyi vwazen Polòy, ki se yon alye ki manm LOTAN kote li di prezidan Polonè ke "libète w se libète nou tou."

XS
SM
MD
LG