Accessibility links

Breaking News

Lig Arab la sou Twazyèm Jou Vizit li nan Siri


Lig Arab la sou Twazyèm Jou Vizit li nan Siri
Lig Arab la sou Twazyèm Jou Vizit li nan Siri

Nan Siri, obsèvatè dwazimen Lig Arab la gen pou yo al vizite 3 zòn enpotan nan peyi a kote lame ak lapolis te komèt zak vyolans sou manifestan anti-gouvenmantal, nan moman anpil kesyon ap poze sou kredibilite obsèvatè yo.

Pou twazyèm jou misyon sa a, obsèvatè yo gen pou yo ale nan vil Daraa, Hama ak Idlib pou yo verifye si gouvènman an respekte pwomès li te fè pou l mete fen nan yon operasyon sere-boulon ki touye anpil moun epi si li libere prizonye politik yo.

Militan ak gwoup dwazimen yo di twoup gouvènmantal yo touye omwen 39 moun depi obsèvatè Lig Arab la te rive nan Siri Lendi pase a –pami viktim sa yo genyen 6 moun ki mouri anba kout bal mèkredi 28 desanm nan, nan vil Hama ki nan sant peyi a.

XS
SM
MD
LG