Accessibility links

Breaking News

Lig Arab la Rive nan Siri Pou Obsève Gouvènman an


Lig Arab la Rive nan Siri Pou Obsève Gouvènman an
Lig Arab la Rive nan Siri Pou Obsève Gouvènman an

Yon ekip obsèvatè Lig Arab la gen pou l rive nan Siri pou ede asire ke gouvènman ap respekte pwomès li te fè pou fè fòs sekirite yo sispann atake manifestan yo.

Ekip la ap pare pou l deplwaye plizyè santèn obsèvatè. Siri te aksepte pou l pèmèt obsèvatè yo antre nan peyi a anba presyon mondyal pou l sispann fè san koule avèk operasyon sere-boulon gouvènman siryen an te lanse sou manifestan anti-gouvenmantal yo, sa gen 9 mwa.

Turki ki tou prè a kondane gouvènman siryen an, li di politik li yo fè peyi a tounen yon larivyè san. Minis afè etranjè turk la fè konnen vyolans la bay anpil kè sote sou vrè entansyon Siri e pa gen oken administrasyon ki ka ranpòte la viktwa nan yon lit kont prop pèp li.

XS
SM
MD
LG