Accessibility links

Breaking News

Militè Ouvri Zam Sou Manifestan Anti-Gouvènmantal nan Siri


Militè Ouvri Zam Sou Manifestan Anti-Gouvènmantal nan Siri
Militè Ouvri Zam Sou Manifestan Anti-Gouvènmantal nan Siri

Militan di lame Siryen an touye 32 moun pou pi piti vandredi 30 desanm 2011 la nan moman obsèvatè Lig Arab la t ap vizite plis enstalasyon pou yo verifye si gouvènman an respite yon angajman li te pran pou l mete fen nan yon operasyon sere-boulon li lanse kont disidan yo.

Komite Kowòdinasyon Lokal pou Siri a (yon gwoup “veye-yo” opozisyon an mete sou pye) fè konnen pi fò moun yo pèdi lavi yo aprè militè yo te ouvè kout-zam sou manifestan anti-gouvènmantal ki t ap pwoteste divès kote nan peyi a.

Daprè militan ak temwen, plizyè santèn de milye moun te pran lari atravè tout peyi-a kote yo lanse apèl, yon fwa ankò, pou yo mande depa Prezidan Bashard Al-Assad.

XS
SM
MD
LG