Accessibility links

Breaking News

Lig Arab la ap Pare l pou l Kite Siri


Minis afè etranjè siryen an, Walid al-Moallem, pa mete dlo nan bouch li pou l kritike dènye desizyon Lig Arab la
Minis afè etranjè siryen an, Walid al-Moallem, pa mete dlo nan bouch li pou l kritike dènye desizyon Lig Arab la

Eta-manm Konsèy Kowoperasyon Gòlf la fè konnen y ap wete tout delege yo te voye nan Siri. Desizyon sa a vini aprè Arabi Sawoudit pran desizyon pou l wete manm li genyen nan misyon obsèvasyon Lig Arab la voye nan peyi a apati de dimanch k ap vini la a. Nan yon deklarasyon ki parèt, Konsèy Kowoperasyon Gòlf la (ki genyen 6 manm) anonse volonte pou l kite misyon an.

Minis afè etranjè siryen an, Walid al-Moallem, pa mete dlo nan bouch li pou l kritike dènye desizyon Lig Arab la pran pou l eseye mete fen nan yon operasyon sere-boulon ki sou pye nan peyi avdepi 10 mwa kont opozisyon an.

Daprè minis la, desizyon sa a fè pati de: "yon konplo pou entènasyonalize kriz la."

Pandan minis Moallem t ap bay yon konferans pou laprès, li deklare kòlèg li yo nan 22 eta manm lig la apwouve plan an, alòske yo byen konnen Siri pap aksepte li, paske se yon vyolasyon souverènte nasyonal peyi a.

Plan sa a –ke minis yo te apwouve, mande pou prezidan Mahsara al-Assad pase pouvwa bay vis-prezidan siryen an, epi fòme nan 2 mwa yon gouvènman inite nasyonal, ki ta prepare eleksyon jeneral avèk sipèvizyon lig arab la ak kominote entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG