Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite l ONU ap fè Deba Sou yon Pwojè Rezolisyon Sou Siri


Konsèy Sekirite l ONU ap fè Deba Sou yon Pwojè Rezolisyon Sou Siri
Konsèy Sekirite l ONU ap fè Deba Sou yon Pwojè Rezolisyon Sou Siri

Espesyalis 15 peyi manm Konsèy Sekirite Nasyonzini an gen pou yo fè konsiderasyon sou yon nouvo rezolisyon konsènan vyolans nan peyi Siri.

Nan yon rankont k ap dewoule madi 17 janvye 2012 la, espesyalis yo pral fè deba sou yon pwojè-rezolisyon Larisi mete devan Konsèy Sekirite a; se 3èm dokiman konsa Moskou prezante nan 30 jou ki pase yo.

Diplomat oksidantal ki t ap abòde dosye a lendi fè konnen dokiman an bay kè-sote, paske li pa pote yon repons klè pou kesyon pou konnen si wi ou non Moskou ap aksepte ton sevè peyi oksidantal yo ta renmen wè nan yon dokiman konsa.

Larisi se yon alye militè prezidan siryen an, Bashar al-Assad, e Moskou ensiste pou l di nenpòt aksyon Konsèy la ap anvizaje, dwe vize non sèlman gouvènman Assad la, men tou mouvman opozisyon an k ap mande yon fen nan gouvènman gwo ponyèt Damas la ki sou pouvwa a depi 11 zan.

Lendi Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, te ankouraje konsèy la pou l pran aksyon sevè kont Siri; misye Ban lanse apèl sa a nan yon mesaj kote li ajoute kantite moun ki viktim anba vyolans nan Siri, monte rive nan yon nivo ki pa akseptab.

XS
SM
MD
LG