Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Siryen an Rejte Pwopozisyon Lig Arab la fè Pou Prezidan Al-Assad Transfere Pouvwa a


Siryen k ap montre apui yo pou Prezidan peyi a, Bashar al-Assad
Siryen k ap montre apui yo pou Prezidan peyi a, Bashar al-Assad

Nan Siri, gouvènman an rejte yon plan Lig Arab la ki mande pou Prezidan Bashar al-Assad ta transfere pouvwa a bay vis-prezidan an.

Gouvènman an akize Lig la deske l ap eseye foure bouch li nan zafè prive peyi a. Televizyon leta a nan Damas site kèk otorite Leta ki ta di yo rejte inisyativ Lig la pwopoze a, paske yo konsidere li kòm yon entèvansyon fragran nan zafè prive Siri.

Yon jou anvan sa, minis afè etranjè peyi manm lig la te lanse apèl bay gouvènman Siryen an pou mande l kòmanse yon dyalòg nasyonal avèk opozisyon an nan 2 semèn, epi fòme yon nouvo gouvènman nan 2 mwa.

Sa ta kapab sèvi kòm preparasyon pou eleksyon lejislativ e prezidansyèl ki ta fèt anvan lè.

XS
SM
MD
LG