Accessibility links

Breaking News

Lidè G7 yo Inifye nan Sipò yo pou Ikrèn


Lidè G7 yo pandan yon sesyon travay nan Chato Elmau nan Kruen, Almay, 28 Jyen 2022.
Lidè G7 yo pandan yon sesyon travay nan Chato Elmau nan Kruen, Almay, 28 Jyen 2022.

Lidè peyi demokratik ki pi rich nan mond lan adopte yon pozisyon inifye pou apiye Ikrèn "osi lontan ke li nesesè" pandan envazyon Ris la ap kontinye.

Lidè yo sèmante pou yo frape La Risi tou swit e fè'l soufri ekonomikman pou envazyon sa a.

Kèk pami mezi yo taka pran se limite lajan La Risi antre sou lavant petwòl li, e ke li sèvi pou finanse lagè a.

Dènye deklarasyon Gwoup dè 7 la mande pou oganize lòt rankont nan semèn kap vini yo pou eksplore mezi yo taka anplwaye pou entèdi La Risi ekspòte plis petwòl pase limit yo tabli a.

Lidè yo te dakò tou pou entèdi enpotasyon lò Ris, epi ogmante asistans yo pou peyi kap fè fas ak rate manje akoz blokis kagezon sereyal Ikrenyen yo ki paka travèse Lanmè Nwa a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG