Accessibility links

Breaking News

Boris Johnson Defann Sipò l pou Kyev Malgre Sipò sa Depatcha 'Ekonomi' Peyi l


British PM Johnson attends Commonwealth Heads of Government Meeting
British PM Johnson attends Commonwealth Heads of Government Meeting

Boris Johnson k'ap patisipe nan somè G7 la nan Lendi, defann sipò l pou Ikrèn malgre gwo konsekans ekonomik yo.

Avek pri tout bagay ki monte ak ajitasyon sosyal kap grandi nan teritwa Britanik la yo te mande Premye Minis la sou BBC sou avni sipò Britanik si envazyon Ris la kontinye pandan plizyè ane e pri mache a ap kontinye ap ogmangte sou popilasyon li an.

Li te reponn: "Pafwa se pri sa pou peye pou ka gen libète a. "

Depi envazyon Larisi a nan Ikrèn te kòmanse nan fen mwa fevriye, Britanik yo a te nan tèt peyi nan Oksidantal ki te vle bay Larisi yon repons, yo te youn nan peyi ki te bay premye zam nan Kyev e pran plizyè sanksyon kont Larisi ak oligark li yo.

Si sipò sa a te konsansis nan Wayòm Ini a, peyi a ap fè fas 4 mwa ak enflasyon ki vin pi wo depi 40 ane, sa ki lakòz ajitasyon sosyal, ak yon grèv avoka angle yo .

Mekontantman sa a vini nan yon moman kote Boris Johnson vin trè febli politikman.

XS
SM
MD
LG