Accessibility links

Breaking News

Larisi Tap Pilonnen Kyev ak Misil Pandan Rankont G7 la


U.S. President Joe Biden speaks next to Japanese Prime Minister Fumio Kishida and Canadian Prime Minister Justin Trudeau during the first day of the G7 leaders' summit at Bavaria's Schloss Elmau castle, Germany, June 26, 2022.
U.S. President Joe Biden speaks next to Japanese Prime Minister Fumio Kishida and Canadian Prime Minister Justin Trudeau during the first day of the G7 leaders' summit at Bavaria's Schloss Elmau castle, Germany, June 26, 2022.

Larisi te frape yon bilding rezidansyèl nan Kyev dimanch, ki vin reprazante premye atak sou kapital la apre yo te fè prèske 3 semèn depi yo pat atake Kyev.

Ikrèn bò kote pal nan reyinyon G7 la mande l'Oksidan ogmante sipò li pou peyi li, Rakont o some G7 la ap fèt nan peyi Almay.

Majistra Kyev, Vitali Klitschko, te deklare yon moun te pèdi lavi li nan atak yo epi 4 sitwayen te viktim. Yo te mennen yo lopital. Pami blese yo te gen yon tifi ki gen 7 an.

Larisi bò kote pal demanti ak tout fòs deklarasyon sa a ki ki ta fè kwè yo tiye ak blese sivil. Sepandan li di ke fòs li yo te frape faktori zam Artyom nan katye a.

Chita pale G7 yo te louvri Dimanch ak yon anons kote peyi yo mete yon entèdiksyon sou enpòtasyon lò Ris, men Minis Zafè Etranje Ikrenyen an Dmytro Kuleba di sa pa ase, yo ta dwe mete plis sansksyon toujou .

Alye yo enkli Prezidan Ameriken Joe Biden --kondane atak sou Kyev la kòm "sovaj".

Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelensky pral adrese G7 la ak somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la, yon semèn apre Inyon Ewopeyen an te montre sipò li kote li te akòde Kyev estati kandida.

XS
SM
MD
LG