Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Militè Ris Yo fè Anpil Siksè nan Lès Peyi a

A Russian Army soldier looks through a sniper rifle scope as she and other soldiers guard a group of foreign journalists visiting a captured Ukrainian checkpoint and well-fortified trenches near Schastia town, on the territory which is under the Governmen

Fòs Ris yo fè anpil siksè nan operason militè yo nan lès Ikrèn Samdi. Rejyon sa a totalman kaptire, apre plizyè gwo batay fewòs ki te genyen nan vil estratejik Severodonetsk ak antre nan vil Lysytchansk.

An menm tan, Prezidan Ris Vladimir Putin anonse ke LaRisi "nan mwa kap vini yo" pral voye misil nikleyè bay Byelorisi.

Se sak ki te diskite nan yon reyinyon ke Iskander-M te fè ak tokay Belarisyen li Alexander Lukashenko nan Saint Petersburg.

Lidè yo te di tou yo te ke yo vle modènize aviyasyon peyi Byelorisi tou.

Te gen plizyè atak sou Ikrèn ki soti te soti nan peyi Byelorisi nan kòmansman envazyon an.

Samdi, Premye Minis Britanik la, Boris Johnson, te mande lidè G7 yo pou yo pa "abandonne Ikrèn nan batay la", e li lanse avètisman bay tout peyi ki ta vle "fatige" nan sipòte Kiev nan batay li ak Larisi.

Lidè Britanik la tou anonse plizyè pwojè èd ekonomik adisyonèl ki rive jiska $ 525 milyon pou Ikrèn.

XS
SM
MD
LG