Accessibility links

Breaking News

Ris yo Eseye Bloke yon Vil Estratejik Kore Avans yo nan Es Ikrèn


Yon tigason kenbe chyen li pandan fanmi ni ap evakye soti nan zon lage a nan Pokrovsk, es Ikren, Samdi 25 Jyen, 2022.
Yon tigason kenbe chyen li pandan fanmi ni ap evakye soti nan zon lage a nan Pokrovsk, es Ikren, Samdi 25 Jyen, 2022.

Twoup Ris yo ap eseye bloke yon vil estratejik ki rele Lysychansk nan ès Ikrèn nan rejyon Luhansk la, dapre gouvènè rejyonal la. Gouvènè a di Samdi twoup Ikrenyen yo nan Sievierodonetsk ki sitye tou pre a oblije retrete apre atak san pran souf La Risi lanse kont yo.

Gouvènè a ajoute Samdi ke solda Ris yo ap eseye bloke aksè ak Lysychansk nan sid la. Vil sa a sitye bò kote Sievierodonetsk, ke La Risi ap bonbade depi plizyè semèn. Vil la prèske detwi nèt, li di.

Vil sa yo ak zòn ozalantou yo se pwen santral yon ofansiv Ris ki vize kaptire tout rejyon Donbas Ikrenyen an ki sitye nan lès peyi a.

Pandansetan, Prezidan Vladimir Putin deklare Samdi Moskou gen entansyon apwovizyone Belarisi ak sistèm balastik pote kout Iskander-M nan pandan mwa kap vini yo.

Belarisi pataje fwontyè ak Ikrèk epi La Risi.

XS
SM
MD
LG