Accessibility links

Breaking News

Gwo Bonbabman Lame Ris la Kontinye sou Pati Lès Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/
UKRAINE-CRISIS/

Ministè Defans britanik la fè konnen mèkredi Larisi kontinye lanse gwo bonbadman malouk sou rejyon Sievierodonetsk, nan Ikrèn, nan moman lame l la ap eseye ansèkre vil la. Ministè a pibliye yon deklarasyon kote li di tou Larisi “byen kapab ap prepare yon plan pou l deplwaye yon gwo kantite sòlda rezèvis nan pwovens Donbas la.”

Nan mesaj Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, prezante chak swa a, li deklare akoz konba militè k ap dewoule nan Louhansk, nan pati lès peyi a, “sitiyasyon an nan pwovens sa a fè l tounen rejyon kote batay yo pi tèrib pou le moman. Okipan yo ap fè gwo presyon tou sou otorite yo nan pwovens Donetsk.”

Zelenskyy fè konnen Larisi ranfòse efò l ap fè pou l dechouke sòlda ikrenyen yo nan prensipal zòn nan rejyon an. Bò kote pa l, gouvènè Louhansk la, Serhiy Haidai, ki reponn kesyon ajans Associated Press a-lekri, di “pwovens la tounen yon lanfè kounyela a. Dife anvayi tout bagay. Bonbadman yo pa kanpe menm pandan 1 nèdtan. Jodi a, tout bagay ki ka boule ap boule.”

Anfen Haidai rapòte gwo goumen ap dewoule nan izin chimik Azòt la nan Sievierodonetsk, kote konbatan ikrenyen yo ak anviwon 500 sivil pran refij.

XS
SM
MD
LG