Accessibility links

Breaking News

Minis Jistis Ameriken an Vizite Ikrѐn Pou L Montre Apui Li pou Akizasyon Krim de Gè Kont Larisi


Garland in Ukraine
Garland in Ukraine

Minis jistis ameriken an, Merrick Garland, vizite Ikrѐn nan jounen madi a kòm yon demonstrasyon siò Lѐzetazini pou akizasyon Ikrѐn ki di fòs militѐ ris yo komѐt krim de gѐ ak lòt gwo zak kriminѐl nan peyi a.

Minis Garland rankontre ak Pwokirѐ Jeneral Ikrenyen an, Iryna Venediktova, ki nan tѐt anѐt k ap fѐt sou sa lajitis nan Ikrѐn konsidere kòm 16 mil krim de gѐ otorite yo anrejistre depi Larisi te anvayi peyi sa a preske gen 4 mwa. Larisi sѐmante li pa vize okenn sivil nan Ikrѐn.

Pandan Garland t ap antre nan sal kote li ta pral rankontre ak Madam Venediktoiva a, li te di laprѐs:

“Mwen prezan isit la pou m eksprime apui innebranlab Lѐzetazini pou pѐp Ikrenyen an ki nan mitan yon envazyon Larisi lanse enjisteman e ke Ikrѐn pa t pwovoke.”

Li ajoute:

“Lѐzetazini ap voye yon mesaj ki 100 pou 100 klѐ: Pa gen pyѐs kote pou yon moun kache. Nou menm ak patnѐ nou yo, nou pral itilize tout mwayen pou n gen garanti ke sila yo ki responsab pou zak kriminѐl tѐrib sa yo rann kont pou aksyon yo.”

Depatman Jistis ameriken an, ke Garland ap dirije kòm pi gwo otorite k ap fѐ respekte lalwa Ozetazini, fòme pwòp komisyon dankѐt pa l ki rele “KleptoCapture”, e ki santre tout atansyon li sou efò pou l sezi yacht ak lòt pwopriyete de luxe oligak ris ki apiye envazyon Prezidan Vladimir Putin nan Ikrѐn nan.

XS
SM
MD
LG