Accessibility links

Breaking News

Espyonaj pou Larisi: Yon Syantis Pral Pase 4 an Nan Prizon Ozetazini


Handcuffs, Handcuff, Hand cuffs, Hand cuff, police , Arrested Arrest , Court
Handcuffs, Handcuff, Hand cuffs, Hand cuff, police , Arrested Arrest , Court

Yon syantifik Meksiken jwenn kondanasyon li Ozetazini pou l al pase 4 an prizon nan yon tribinal ameriken Madi yo akize li deske li tap fè espyonaj pou Larisi.

Hector Cabrera Fuentes, 37 an, te plede koupab nan mwa fevriye paske li travay pou pou yon gouvènman etranje san yo pa avèti otorite ameriken yo.

Fuentes te deklare "Mwen gen gwo regrè ak remò pou sa mwen te fè, epi mwen eskize devan peyi Etazini".

"Tout moun fè erè nan lavi yo e sa a se te erè mwen an".

Hector Cabrera Fuentes, ki te rete nan Singapore, te jwenn arestasyon an 2020 nan Miami pou espyonaj dapre sa yon "sous gouvènman ameriken" an di, li tap fè espyonaj sa yo pou Moskou.

XS
SM
MD
LG