Accessibility links

Breaking News

Ikrѐn Rapòte Gwo Batay Fewòs nan Sievierodonetsk


UKRAINE-CRISIS/SIEVIERODONETSK
UKRAINE-CRISIS/SIEVIERODONETSK

Otorite yo nan Ikrѐn rapòte madi Larisi ap lanse kѐk gwo atak fewòs nan rejyon Sievierodonetsk nan moman sòlda ris yo a fѐ gwo efò pou yo gen yon kontwòl total vil la ki nan pati lѐs Ikrѐn.

Pòtpawòl Wo Eta Majò Lame Ikrѐn nan, ki t ap bay yon pwendepres madi, fѐ konnen batay k ap dewoule nan Sievierodonetsk yo se goumen gason pa kanpe kote Larisi ap lanse ni atak ayeryen, ni bonbadman a-tѐ sou pozisyon ikrenyen yo.

Gouvѐnѐ pwovens Louhansk la, Serhiy Haidai, rapòte gwo lese-frape nan izin Azot la nan Sievieroodonetsk, kote konbatan ikrenyen yo ak anviwon 500 sivil pran refij. Daprѐ gouvѐnѐ a toujou, militѐ ris yo koze “destriksyon malouk” nan vil Lysychansk, ki sitiye pa lòt bò yon flѐv ki toupre Sievierodonetsk.

Yon lòt kote, Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, rekonѐt gwo difikilte sòlda l yo rankontre nan efò pou yo defann rejyon lѐs peyi a; men li fѐ konnen militѐ ris yo kontinye fѐ fas ak bon jan rezistans bò kote s òlda ikrenyen yo. Zelenskyy, ki t ap prezante yon mesaj lendi swa sou sitiyasyon an sou chandbatay yo, deklare:

“Se nan rejyon sa a konba pi difisil yo ap dewoule. Sepandan, se la tou nou genyen gason ak fanm vanyan nou yo. Okipan yo ap resevwa bon jan repons pou zak y ap poze kont nou.”

XS
SM
MD
LG