Accessibility links

Breaking News

Macron: "Larisi pa Kapab e pa Dwe Genyen Lagè a"


European Union leaders meet in Brussels
European Union leaders meet in Brussels

Prezidan fransè a Emmanuel Macron ensiste Madi ke Larisi "pa dwe genyen" lagè a nan Ikrèn, men li te refize opsyon pou kalfye Larisi tankou "eta teworis" apre Ris yo te atake yon sant komèsyal.

Nan yon konferans pou laprès nan somè lidè G7 yo nan Almay, Macron di Larisi pa dwe genyen lagè sa e se poutèt sa sipò nou an pou Ikrèn ak sanksyon nou kont Larisi yo ap kontinye osi lontan ke sa nesesè ak entansite ki nesesè nan semèn ak mwa kap vini yo.

Atak ak misil Ris la, ki te touye plis pase 20 moun Lendi nan yon sant komèsyal nan Kremenchuk "se prèv yon lòt fwa ankò ke lame Ris la deside sèvi ak sezi ak zam pou atake sivil yo ", Macron deklare.

Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky mande pou yo rekonèt Larisi kòm yon "eta teworis " nan jou apre atak sou sant komèsyal la.

XS
SM
MD
LG