Accessibility links

Breaking News

Lidè G7 yo Pwomèt pou yo Kontinye Apiye Ikrèn


Lide gwoup de 7 yo, G7, poze pou yon foto devan Chato Elmau nan Kruen, Almay, Lendi 27 Jyen 2022.
Lide gwoup de 7 yo, G7, poze pou yon foto devan Chato Elmau nan Kruen, Almay, Lendi 27 Jyen 2022.

Prezidan Ikrenyen an, Volodymir Zelenskyy pale ak lidè mondyal yo sou lagè a nan Ikrèn dezyèm jou rankon o somè G7 la Lendi.

Somè a ap dewoule nan peyi Almay. Zelensky te rejwenn yon sesyon travay pa viziyo konferans kote li mande plis sistèm defans anti-ayeryen, plis sanksyon kont La Risi ak garanti sekirite. Li te pale ak lidè Canada, La Frans, Almay, Itali, Japon, Angletè ak Etazini.

Envazyon La Risi nan Ikrèn ak konsekans ekonomik global yo lakoz pri enèji ak manje monte 17 wotè e se sa pou pi fo lidè G7 yo te diskite.

Pi bonè chanselye Alman an, Olaf Scholz ki ap patwone rankont la fe fè konnen lidè yo rete inifye fas ak agresyon La Risi a.

Pandan rankont lidè yo, madanm kèk nan yo - pami Brigitte Macron ak Carrie Johnson te pwomennen nan zon nan epi pase yon ti tan nan yon restoran kote kèk sikilis te pase devan yo pou mande plis aksyon pou konbat chanjman klimatik.

Yon lot kote, lapolis arete 6 manifestan ki tap pwoteste kont somè G7 la devan Chateau Elmau la. Manifestan ki pale ak lapres di yo vekse ak fason lapolis bruskule yo.

"Mwen vekse, mwen vekse anpil paske se yon manke dega. Nou kanpe la a pou'n ka fè politisyen yo konnen nou pap ka viv apre yon tan paske tout bagay kraze. E sa pa enterese moun sa yo. Nou mete moun nan rigòl. Fe sa nou vle, ki mele nou. Mwen vekse, Christine, yon manifestan, deklare.

"An general mwen kwe se yon skandal. Gen 18 mil polisye ki briskile sivil yo pou pwoteje polisityen G7 yo. Mwen kwe se yon wont," manifestan Jorg Deutschmann deklare.

Pot pawol lapolis defann aksyon yo.

"Rankont la pwogrese nan lape jan ou ka we'l. E apre rankont la te fini ofisyelman plizye moun te chita nan mitan lari pandan bis tap rive wou yo. Se yon vyolasyon paske wout sa a se yon chimen dijans nou tabli pou otel konferans la," Carolin Englert esplike. " Se poutet sa nou te pote manifestan yo ale tou swit. Se sa ki sityasyon an. Tout patisipan rankont la tounen isist la e nap envestige 6 moun. Nou sispek gen yon krim ki komet petet yo eseye pran tet moun. Se akoz de sa nap envestige."

Manifestan yo kwe G7 la se yon klib moun rich, e yo mande lide yo fe plis pou konbat lamize epi pwoteje anviwonman an.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG