Accessibility links

Breaking News

Pou Moutre Fòs li Anvan Somè G7 la , LaRisi Lanse Plizyè Misil Sou Kyèv


Members of the Group of Seven, including European Union leaders, pose for a photo at Schloss Elmau, following dinner, in Elmau, Germany, June 26, 2022.
Members of the Group of Seven, including European Union leaders, pose for a photo at Schloss Elmau, following dinner, in Elmau, Germany, June 26, 2022.

Lidè Gwoup 7 ekonomi ki rele G7 la te reyini nan Mòn Alp-yo nan rejyon Bavyè ann Almay ayè dimanch-la, kote yo t ap chache moutre inite kont envazyon Prezidan LaRisi Vladimir Putin nan Ikrèn, pandan yo t ap diskite sou mwayen pou yo minimize efè lagè a sou pri manje ak enèji k-ap moute nan mond la.

Prezidan Etazini Joe Biden ak Chanselye Almay Olaf Scholz te rankontre anvan chita-koze ofisyèl ki pwal gen antwòt lidè Grand Bretay, LaFrans, Kanada, Itali, Japon ak Inyon Ewòp la.

Pou moutre fòs li anvan somè-a, LaRisi lanse nouvo misil, dimanch, sou 2 pi gran vil nan Ikrèn, ki se kapital la Kyèv, ak Kharkiv, menm lè lidè G7 yo t ap fè chita-koze pou detèmine nouvo mwayen pou yo izole LaRisi.

Pita, Premye-minis britanik Boris Johnson te di sou chèn televizyon CNN nan emisyon Eta Inyon an ke menm lè nasyon yo nan loksidan bouke, yo dwe kontinye konbat LaRisi e ke "yo dwe leve pye yo pou defann libète ak demokrasi."

XS
SM
MD
LG