Accessibility links

Breaking News

Biden Ankouraje L'Oksidan Rete Inifye sou Kestyon Lagè Ikrèn nan Malgre yo Bouke


Prezidan Joe Biden ak Chanselye Alman an Olaf Scholz pale pandan yon rankont bilateral nan some G7 la nan vil Elmau, Almay, Dimanch 26 Jyen 2022.
Prezidan Joe Biden ak Chanselye Alman an Olaf Scholz pale pandan yon rankont bilateral nan some G7 la nan vil Elmau, Almay, Dimanch 26 Jyen 2022.

Prezidan Joe Biden bat bravo pou alyans global ki konfwonte La Risi poutèt lagè lap mennen nan Ikrèn nan. Biden di fòk kowlisyon peyi yo "rete inifye."

Prezidan Ameriken an di Prezidan Ris la Vladimir Putin te konprann li te ka pran tèt kèk nan peyi yo pou yo fè kont youn ak lòt epi kraze kowlisyon an men ke "sa pap fèt."

Biden fè komantè a pandan yon rankont ak Chanselye Alman Olaf Scholz anvan ouvèti rankont o somè Gwoup dè 7 la, kap dewoule nan peyi Almay jodi Dimanch la.

Biden anonse tou, ke peyi G-7 yo pral entèdi enpòtasyon lò Ris la.

Lò se pwodwi pi enpòtan La Risi ekspòte.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG