Accessibility links

Breaking News

Larisi Bonbade Kyèv Pandan Kèk Lidè Ewopeyen ap Vwayaje nan Kapital Ikrèn nan


Yon dam reyaji devan yon bilding rezidansyel ki detwi nan yon atak ak bonm nan vil Kyev kapital Ikren, Madi 15 Mas 2022.
Yon dam reyaji devan yon bilding rezidansyel ki detwi nan yon atak ak bonm nan vil Kyev kapital Ikren, Madi 15 Mas 2022.

3 lidè ewopeyen ale nan Kyèv, kapital Ikrèn, nan jounen madi a nan moman fòs militè Laarisi t ap bonbade vil la ak lòt zòn ki tou prè li, alòske envazyon Larisi nan peyi vwazen an rive sou 3èm semèn li.

Daprè otorite yo, bonbadman ris yo frape Kyèv byen bonè madi; pami yo gen youn ki fè dega nan yon konplèks apatman kote li touye 4 moun epi pwovoke yon dife ke anpil ponpye ak sitwayen sivil te prese mete ansanm pou yo touye. Majistra Kyèv la, Vitaly Klitschko, anonse yon kouvrefe 36 zè pou vil la apati de madi swa.

Premye Minis tyèk la, Petre Fiala, è konnen li ale Kyèv madi ansanm avèk kòlèg polonè li, Mateusz Marowiecki, epi tokay slovèn li, Janez Jansa, pou yo reprezante Konsèy Ewopeyen an nan yon rankont avèk Prezidan Ikrèn nan, Volodymyr Zelenskyy, ak Premye Minis ikrenyen an, Debys Shmyhal.

XS
SM
MD
LG