Accessibility links

Breaking News

Prezidan Zelenskyy Pral Adrese l ak Kongrè Ameriken an


Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy nan vil Kyev, kapital Ikren, 15 Mas 2022.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy nan vil Kyev, kapital Ikren, 15 Mas 2022.

Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, pral mete yon mesaj vityèlman devan Kongrè ameriken an nan moman kote lagè Larisi deklare sou peyi l la ap ranfòse. Zelenskyy pral pran lapawòl mekredi 16 mas la devan manm 2 chanm Kongrè a, daprè sa lidè domokrat ameriken yo anonse. Evennman an pral disponib an dirèk sou Entènèt la pou piblik la suiv.

Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Nancy Pelosi, ki t ap abòde kesyon an lendi nan Brooklyn Bridge avèk palmantè Eta New York yo, deklare:

“Se tèlman yon privilèj pou n gen lidè peyi sa a avèk nou, yon peyi kote moun yo ap goumen pou yo defann demokrasi yo a ak demokrasi pa nou.”

Pelosi ajoute Prezidan Zelenskyy te mande rankont la lè yo 2 a te gen yon konvèsasyon nen fen semèn pase a e depite ak senatè ameriken yo kontan anpil pou yo wè li k ap mete yon mesaj devan Kongrè a.

Prezidan Lachanm nan te pale ak lidè ikrenyen an nan moman sitwayen yo nan Ikrèn ap batay pou yo sove peyi yo anba yon lagè Prezidan Ris la, Vladimir Putin, pwovoke e kote l ap ranfòse atak li yo –pami yo gen atak sou kapital la, Kyèv. Sitwayen sivil ikrenyen yo ap pran lèzam pou yo bloke avans lame ris la; sepandan lagè a oblije plis pase 2 milyon 800 mil moun kouri kite peyi a.

XS
SM
MD
LG