Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Britanik Enpoze Sanksyon Kont Vodka Ris


FILE - A sign in the vodka area of a Pennsylvania Fine Wine and Good Spirits store reflects the state's decision to withdraw Russian-made products for sale, in Harmony, Pa., Feb. 28, 2022.
FILE - A sign in the vodka area of a Pennsylvania Fine Wine and Good Spirits store reflects the state's decision to withdraw Russian-made products for sale, in Harmony, Pa., Feb. 28, 2022.

Gouvènman Britanik la anonse Madi kek nouvo sanksyon kont Moskou an reyaksyon ak envazyon li kay vwazen li Ikrèn. Nouvo sanksyon sa yo konsantre sou aspè komèsyal, an patikilye yon entèdiksyon sou ekspòtasyon pwodwi liksye ki soti nan Larisi pami yo entèdiksyon kont vodka ris .

"Vodka Ris se youn nan pwodwi ki afekte nan ogmantasyon nan taks la dwann", ki reprezante yon ogmantasyon nan "35 pwen pousantaj konpare ak pousantaj aktyèl yo", Ministè Komès Entènasyonal la deklare nan yon pale ak laprès.

Machandiz liksye ris fè pati de mezi sa yo an patikilye machin ak atizay.

Gouvènman Britanik la di l ap travay ak patnè entènasyonal li yo e li "sipòte Òganizasyon Komès Mondyal la (WTO) pou pran sanksyon kont tout moun ki pa respekte mezi sa yo."

Lond te deja enpoze yon seri sanksyon kont sitwayen Ris yo ki gen biznis nan peyi l, ak yon entèdiksyon sou enpòtasyon gaz ris la ak plizyè lòt sanksyon ki vize oligark ris yo, pami yo milyadè Roman Abramovich, ki se pwopriyetè klib foutbòl Chelsea a.

XS
SM
MD
LG